Ayiti /Jistis:Yon jij nan lakou pòtopwens fè konnen atak ki fèt nan palè Jistis la se yon zak malonèt planifye.

2,781

06-16-2022

Pòtoprens, Ayiti____(TRiboLAND) Me. Jean Wilner Morin, Jij epi Jij enstriksyon nan tribinal premyè enstans nan kapital peyi Dayiti, fè konnen sou ond Radyo télé Zenith nan emisyon CHIMEN LIMYÈ ak Teriel Telus, ke atak pou chanbade tribinal la se yon atak ki te planifye depi yon bon bout tan.

Pou Jij enstriksyon an, konsep Dwa moun nan pa egziste nan peyi Dayiti. Li kontinye poul di, li enkonstitisyonèl, ilegal pou yon moun ap kwoupi nan prizon pandan 5, 10, 15 zan san janmè parèt devan yon jij natirèl.

Genson Hyppolite, TRiboLAND

Comments are closed.