Yon mès aksyon degras chante nan Chapèl Sen Loran Wòch Ron, 3èm seksyon Dègranj.

338
0
Share:
TRiboLAND


08 – 12 – 2024

Senlwidinò, Ayiti_____(TRiboLAND) Gran Koral Pwoteksyon Apòt yo chante yon mès aksyon degras nan okazyon fèt patwonal Chapèl Sen Loran Wòch Ron, 3èm seksyon Dègranj nan konim Senlwidinò, dimanch 11 dawout 2024 la.

Reveran pè Kerby Polycape, nan womeli sikonstans lan mande fidèl yo mete konfyans yo nan Bondye menmjan avèk Sen Loran pou temwanwaj yo kapab rive chase divizyon, rankin ak jalouzi nan kominote a. Yon lòt kote li mande yo kenbe angajman batèm yo paske yon moun kap swiv Jezi dwe sonje ke li te di: “ kote m ye a se la ou va ye tou”.


Nap raple’w, fidèl katolik yo te profite fè yon rekèt priyè espesyal pou mande Bondye padon pou gwo krim ki sot pwodwi nan katye Wòch Wond nan komin Senlwidinò.

Share:

Leave a reply