MENFP detèmine pou ranfòse kapasite l nan bay ansenyan yo plis jarèt

0 405

Pòtopwens___(TRiboLAND) Plis pase 177 ansenyan ak kòdonatè nan depatman Lwès la te pwezan nan pwemye jounen fòmasyon ke MENFP patwone ayè Jedi 30 Janvye 2020 la. Pami patisipan sa yo, ou jwenn 85 ansenyan nan nivo segondè ak 92 nan nivo fondamantal.

“Se yon fòmasyon ki pral bay kapasite pèsonèl yo jarèt nan kad byen gouvène sistèm edikatif peyi Dayiti espesyalman nan konjonkti kote ke MENFP gonfle ponyèt li pou defann dwa pou tout moun jwenn moso edikasyon”, dapwè Minis Edikasyon an Pierre Josué Agenor Cadet ki montre detèminasyon li pou kore pèsonèl MENFP pou yon mèyè edikasyon.

Seyans fòmasyon yo ap dire 2 jou; yo chita sou sipèvizyon avèk etik ki kapab pèmèt ansenyan yo benefisye bon jan ankadreman.

Leave A Reply