Jij Marthel Jean Claude, se non majistra enstriktè a ki deside tchoule kò l pou tout bon, nan kad dosye asasinay Mèt Monferrier Dorval la.

940

12 – 05 – 2023

Pòtoprens, Ayiti_____(TRiboLAND) Dosye asasinay ansyen batonye lòd avoka yo nan Pòtoprens, ki donk, Mèt Monferrier Dorval, kontinye ap vire tou won kou topi. Jij enstriksyon Marthel Jean Claude, ki te chaje pou fè limyè sou zak sila, deside apre anpil tan tchoule kò li nan kad dosye a.

Sepandan, jij Marthel Jean Claude nan lèt li a anonse plizyè rezon pami yo, pwoblèm mwayen lojistik ak ekonomik ki ta lakòz li pran gwo desizyon sa a. Malgre gouvènman defakto Ariel Henri a okouran sou tout demand li te pwodui yo, yon bal pa pati.

Li enpòtan pou konnen, dosye asasinay Mèt Monferrier Dorval la, genyen plis pase 3 lane depi lap kouri lago, lago ti sengle nan plizyè kabinè enstriksyon. Konsa, pèsòn pa ko konpwan pou yon rezon ou pou yon lòt, sa kap fèt reyèlman sou dosye a.

Comments are closed.