Fonmèl An Aksyon, yon estrikti sosyal ki deside leve tèt lokalite Fonmèl nan zafè devlopman kominotè.

1,241

Fonmèl An Aksyon se non yon estrikti sosyal kap evolye nan lokalite fonmèl, 2e seksyon Sous Bovwa, nan Komin Chansòlm.

11-08-2022

Chansòlm, Ayiti____(TRiboLAND) Pitit Fonmèl kap viv nan dyaspora a nan tèt kole ak kèk sitwayen nan Fonmèl, deside kreye yon estrikti sosyal ki pote non Fonmèl An Aksyon” (FAA), nan lide pou promote yon klima devlopman kominotè, nan zafè sosyal, kiltirèl ak esfwastrikti.

Pou ansyen Majistra komin Chansòlm lan, Msye Hodes Mertil, yo deja konstwi, epi pete sou pye plis pase 3 kilomèt wout tè bati, plizyè enstalasyon elektrik a sistèm solè, demaraj konstriksyon yon legliz katolik 700 plas, yon pak espòtif san konte yon latriye kanal ki masonnen ak wout beton.

Yon lòt bò, ansyen prezidan Asosyasyon Majistra yo nan depatman Nòdwès la, mesye Hodes Mertil soulinye, konstriksyon 2 Night Club; konsa sa pèmèt chak lane divès djaz Nasyonal kou entènasyonal vin yaya kò yo nan lokalite Fonmèl.

Pou ansyen Majistra a, 4 lane avan, malgre zòn te nan boure ak potansyalite, li pat janm reprezante sal ye jodia. Pou li menm, se gras ak estrikti sosyal sa a, ki pèmèt zòn nan vin valorize epi rale plis moun vin konstwi. Me ki sa yon ansyen majistra yon lokalite ap inisye atravè yon estrikti ki gen nannan, malgre li pa nan oken pòs leta. Sitwayen vizyonè e prodiktif!

hyppolitegenson8@gmail.com

Comments are closed.