Me ki kote TRiboLAND ta swete wè demach kominote entènasyonal la konvèje sou lis reselè kap efondre peyi Dayiti a

1,196

-Demaske ansyen rat yo, demaske yo nan figi popilasyon an, denonse yo atravè lis manman ak papa gang lan, deboulonnen dwat long yo, Avili apatrid yo, pouswiv kòriptè yo jous nan zo!

-Mete lis atoufè yo deyò pou netwaye teren politik la e bay jèn moun ki genyen sousi ak konpetans asire relèv de yon klas kòwonpi ki ta dwe deja dèyè baro.

-Pèp ayisyen espere wè e tande non yon seri gro lawon tankou PM Ariel Henry ansyen prezidan Michel Martelly, daprè yon gro responsab yon òganizasyon kap defann dwa moun, Josué Renaud ki ta kesyone desizyon peyi Etazini ak Kanada ki senpleman sible sèlman moun ki pa apiye entèvansyon militè anndan peyi a.

-Ke lis annafè yo pa chita nan pas pouki oubyen sou pèsekisyon politik kont antite politik kap denonse deriv peyi kolon yo anndan peyi Dayiti.

-Ke lis kòwonpi ou trafikan dwòg ayisyen yo pa chita sou pèsekisyon politik ak regleman kont; alòske genyen anpil gro chabwak ke popilasyon konnen kap naje nan gang, dròg, kòripsyon ki pa figire nan lis la.

-Debarase peyi a ak yon seri vye rat tou nan manch ki toujou vle repwodwi tèt yo devan popilasyon yo kokoratize a. Alò nou pap pale pou jèn ki deja pran nan pwazon rat la! Atansyon, yo kapab fè menm dega ke konze apatrid yo fè.

-Gro peyi yo genyen enterè ede Ayiti debarase li ap yon pakèt kriminèl politisyen gagotè ak boujwa sangwen ki redwi Ayiti nan yon parèy kondisyon; pandan y’ap fè pèp la konnen se BLAN an ki responsab tout deriv yo.

-Ke gro peyi yo mete tout kakachat, ak politisyen konze ou apatrid deyò sèn politik la; yon fason pou peyi a benefisye moun pròp ki genyen “Onètete” nan kondwit yo.

-Kominote entènasyonal la pa genyen lòt chwa ke lage e denonse tout politisyen alye men ki kòwonpi anndan peyi Dayiti. Si non, lap difisil pou kontrole van anti-kolonyalis ap kontinye pran jarèt.

-Etazini gen enterè chanje politik etranjè li ak peyi Dayiti. Mèyè fason an, se voye yon sinyàl klè bay popilasyon ayisyèn nan ke yo pa vle fè tèt yo parèt kòm reselè yon seri politisyè kòwonpi kap pyafe nan krim e ale twò lwen nan abize dwa peyi ak dwa moun.

-Pi gro SÈVIS ke gro peyi yo te kapab rann peyi Dayiti se lave menm yo e kontinye denonse ak pouswiv tout antite ki redwi Ayiti nan yon parèy eta.

-Dirijan ou politisyen ak boujwa ayisyen yo dimil fwa kriminèl ke kolon entènasyonal yo.

-Enòmite kriminalite ou kòripsyon majorite politisyen ayisyen yo montre “Core groupe” dimil fwa inosan nan problèm peyi Dayiti.

-Si Etazini bezwen repare imaj li devan pèp ayisyen, li dwe asèpte devlope yon “pi bon deal” avèk popilasyon ayisyèn nan olye kontinye danse kole ak politisyen kriminèl ou kòwonpi ki jennen detwi pwòp lakay yo ak sitwayen lakay yo.

-Politisyen ayisyen yo tèlman kòwonpi, yo pa kapab sèvi yon zèl kat pou gouvènman ameriken an; si non ke fè krim ak kòripsyon pandan ke y’ap jwi yon seri proteksyon bò kote kominote entènasyonal la.

-Peyi Kanada nan tèt kole ak Etazini ta sanble reyalize politisyen ayisyen yo ale trò lwen nan rayi pròp nasyon yo nan yon ki afekte wòl jewopolitik 2 pwisans sa yo pa rapò ak Ayiti.

-Denonsyasyon yon seri politisyen ayisyen ki responsab mizè peyi sa, pa nouvo. Genyen anpil antite reselè atravè peyi a ki te chwazi pa revwale ekip malfektè sa yo ki genyen gang kap travay pou yo, pandan yo tronpe inonsans pèp la lè yo chwazi ap fè manifestasyon avè’l nan lari.

-Kominote entènasyonal la genyen enterè denonse tout Mistè salte ke yo konnen ki fè tèt yo pase kòm Mistè Pwòp sou echikye politik la. Debarase teren ak valpa kap profite fè popilasyon an lonje dwàt sou BLAN an, kòm kwa se sèl blan ki malfektè.

-Pi gro sèvis peyi Etazini ta dwe rann piyi Dayiti, se denonse e ede Ayiti mete nan yon kwen sal tout malfektè politisyen, anplwaye leta ak klik oligat kòwonpi ki efondre Ayiti. Anplis trase lajan yo, fè yo dedomaje Leta Ayisyen e fè yo peye jis nan zo rèl manman yo.

-Pèp ayisyen an ap tann plis non toujou tankou: ansyen prezidan, senatè depite, sekretè deta, minis, jounalis, boujwa sangwen e menm konpayi kominikasyon ak ONG ki efondre Ayiti. Si genyen yon bon triyaj ki fèt an fonksyon de jistifikasyon ak denonsyasyon zak malfektè sa yo, ekwasyon politik la ap chanje. Klima politik la pap kontamine ankò e tout pousyè ak dechè ap fè wout yo nan poubèl.

-Anpil je chèch sou echikye politik la ki koze malè peyi Dayiti, dwe degèpi. Anpil vye rat zouti ki genyen san sitwayen ayisyen anba zong yo pa ta dwe ap pale sou moun toujou. Anpil nan yo, itilize zanmitay yo avèk kominote entènasyonal pou fè sa ki pa sa anndan peyi Dayiti. Yo chak genyen yon “BLAN”; bandan ke y’ap pouse popilasyon an leve kont yon blan ki konnen tout zak yo.

-Fwa sa li pi bon pou blan fè alyans ak popilasyon an nan kad repare imaj li, olye asèpte fè konpromi ak politisyen vwayou ki asèpte pafwa ofri blan an bagay ke blan an pa menm bezwen.

-Nou ta swete kominote entènasyonal la reyalize majorite don li fè peyi Dayiti, konsidere kòm don pèsonèl dirijan ou politisyen fanmiy kòripsyon an kap rine pandan plizyè deseni nasyon ayisyèn nan. Don yo pa janm rive touche popilasyon an; se sa ki ankouraje apeti politik ak kòripsyon.

-Etazini ak tout lòt pwisans entènasyonal yo gen enterè demaske e mete tout kakachat politisyen ak mafya ayisyen yo sou tapi; si non pèp ayisyen ap toujou wè lakay Etazini yon zanmi-ènnmi kap detwi’l an silans.


Comments are closed.