Otorite Wanament yo ak manm sosyete sivil la pran desizyon pou entèdi moun vann gaz nan zòn Ladwàn

812

11-02-2022

Wanament, Ayiti ____(TRiboLAND) Sou inisyativ Mèri Wanament lan, yon rankont òganize mèkredi 2 oktob 2022 a avèk diferan otorite nan kòmin lan ak kèk manm sosyete sivil la.

Pandan chita tande sa, ajan egzekitif enterimè a, Luma DÉMÉTRIUS fè konnen yo deside pran yon rezolusyon pou pa kite komès gaz ap layite nan zòn Ladwànn lan ankò. Yon parèy rezolusyon arive pran, nan objektif pou pwoteje popilasyon an nan Wanament. Nou mete machann yo vann nan teren bò ansyen pon an pou si okazyonèlman ta genyen yon ensandi.

Estimé Saint-Juste, reprezantan Sosyete Sivil la bò kote pa li deklare ke se yo menm nan òganizasyon an ki te enfòme otorite yo nan kòmin nan sou danje sa ki pandye sou tèt yo. Lè nou konsidere dega ki deja fèt nan dosye gaz la nan vil Okap, li enpòtan pou popilasyon an konpran desizyon otorite yo pran, ale totalman nan enterè kolektivite a. Se yon desizyon ki genyen anpil sajès ak prevansyon ladan l.

Pandan rankont chita pale sa, otorite yo deja prevwa kèk chita tande-pale ak responsab Night Club ou Diskotèk yo nan kad jere sekirite kliyan yo. Kidonk,yon parèy demach antre nan kad yon seri sitwayen ki deja viktim anba zak briganday ak malfektè.

Jn Simon Manex

Comments are closed.