Militè dominiken mare kon krab e arete madanm vis delege Beladè a ki te nan yon machin chaje ak minisyon ap antre nan peyi Dayiti

1,360

11-08-2022

Elías Piña, Repiblik Dominikèn_______(TRiboLAND) Nan moman li tap travèse lizyè pou antre nan peyi Dayiti pandan yon fouy kontrole, militè dominiken nan zòn Comendador, Elías Piña mare kon krab e arete Midrene Manessa Milien, madanm (Yvanosky Joachin) vis delege Beladè a, ki te genyen machin li chaje kouleba ak yon kagezon minisyon 22,160 katouch e ak plizyè kalib, selon yon jounal dominiken jodi madi 8 novanm 2022 a.

Machinn nan ki se yon SUV blan ke otorite dominikèn yo idantifye sou nimero: FF.01302 te abitye fè va e vyen ant Ayiti ak Elías Piña e pat janm pran nan pensèt kontravansyon. Li te genyen abò li yon lòt fanm ak yon tinosan.

Enfo yo ale pi lwen pou yo di ke Yvanosky se moun tout otorite militè ak sivil dominiken yo konnen, li te toujou ap miltipliye efò pou mete lapè e rezoud konfli ki te toujou eklate sou lizyè El Carrizal la.

Comments are closed.