Atravè yon konferans, plizyè òganizasyon sosyo politik, egzije Premye minis defakto Ariel HENRY ak tout reselè li yo retounen sou desizyon yo pran pou ogmante pri gaz la.

1,464

Vandredi 11 novann 2022

Tigwav, Ayiti ______(TRiboLAND) Divès dirijan òganizasyon de baz, sosyo politik, mete ansanm nan yon konferans pou la près jounen vandredi 11 novanm 2022 a pou egzije gouvènman Ariel Henry retounen nan bon sans li.

Objectif konferans sila, selon responsab yo, se pou yo enimere yon seri gwo problèm kap brase bil popilasyon ayisyèn nan espesyalman Tigwav tankou, ratman gaz, la vichè, grangou mizè tout kalite, dola a kap maspinen goud la, blackout, ensekirite, kidnapping e latriye…

Ansanm òganizasyon yo repwoche chèf gouvènmen defakto Ariel HENRY ak tout akolit yo, ki te pran yon arete pou moute pri gaz la nan dat 11 septanm 2022 pase a, nan okazyon rewouvèti lekòl la, nan yon moman pèp ayisyen ap manifeste kont pouvwa 3èm vèsyon an, kote yo te genyen gaz la ak la vi chè kòm prensipal revandikasyon yo.

Responsab estrikti sa yo, deklare gaz la se yon pwodwi tansvèsal, depi li ogmante, otomatikman tout pri sèvis ak lòt pwodwi ogmante. Nan sans sa a, yo mande pèp la pou pa rantre kò yo nan achete galon gaz a 570g, pandan yo ankouje paran yo, pa voye pitit yo sou ban rekòl.

 Avèk yon galon gaz tèt nèg, la vichè, grangou, kouran pou timoun yo etidye, ensekirite tout kalite melanje ak zak kidnapping, pa ka genyen lekòl! Si reyèlman PM Ariel HENRY ak tout reselè li yo vle lekòl la fè chemen li, se pou tande larezon, ki se inikman desann pri gaz la san grate tèt.

JOICY Arnold, Tigwav

Comments are closed.