FRG pasee lage kichoy nan vil nan Gwomòn : senk bandi mouri, plizyè zam sezi, baz gang yo demantle

340
0
Share:
TRiboLAND

11/15/2026

Gwomòn, Ayiti _____(TRiboLAND) Fòs Represyon Gang yo (FRG) mennen yon gwo operasyon nan komin Gwomòn, kote yo demantle plizyè baz gang epi reprann kontwòl kèk espas estratejik. Nan lokalite Kanifis, fòs sekirite yo dekouvri gang yo te transfòme yon legliz ak yon lekòl an katye jeneral pou aktivite kriminèl yo. Twoup FRG yo netwaye epi sekirize de enstitisyon sa yo ansanm ak zòn ki nan vwazinaj la, pandan yo relouvri aksè sou yon koulwa estratejik ki te anba enfliyans gwoup ame yo.

Nan kad menm operasyon an, sou Wout Nasyonal nimewo 5 lan, twoup yo demantle plizyè barikad gang yo te mete pou bloke sikilasyon an. Bilan pwovizwa operasyon sa a fè konnen senk (5) manm gang pèdi lavi yo, ak rekipere plizyè zam ki tonbe nan men fòs malfwa yo. Entèvansyon sa a reprezante yon nouvo kou kont rezo gang ame k ap sèvi ak enstitisyon piblik ak espas relijye kòm baz pou òganize aktivite ilegal yo.

Pi lwen pase yon senp operasyon sekirite, entèvansyon FRG a gen yon dimansyon estratejik ki chita sou retabli libète sikilasyon, fasilite aksè sitwayen yo ak enstitisyon piblik yo epi pèmèt aktivite ekonomik ak sosyal reprann nan zòn ki te anba kontwòl gang pandan twò lontan. Objektif la se tabli yon prezans Leta ki pi solid nan kominote sa yo epi bay popilasyon an posiblite pou l reprann lavi nòmal li san kè sote.

Efè Bukele depi kèk jou nan peyia a fè lòt enstans ki te dwe entèvni nan peyia nan zafè sekirite ap souke kò yo.

Share:

Leave a reply