Pòdpè / Asenisman : Moun nan Aman mobilize pou netwaye yon kanal ki reprezante yon danje pou yo

1,189

11-02-2022

Pòdpè, Nan Aman, Ayiti_____(TRiboLAND) Moun Nan Aman lage koukouwouj nan kanal Nan Aman pou netwaye-l paske li reprezante yon gwo danje pou sante yo. Iresponsablite otorite lokal yo, pèmèt yo pa janm fè oken entèvansyon nan kanal la depi lè-l fin fèt la.

Chak fwa lapli tonbe, tè ki soti nan mòn nan ak fatra endividi mal entansyone lage nan kanal la, pèmèt li vin plen, e vin menm wotè ak wout la.

Touche pa ansanm pwoblèm sitou lè gen move tan, moun Nan Aman atravè yon komite ki pote non “Komite Nan Aman”, nan kole zepòl ak moun nan zòn nan mete ansanm pou netwaye kanal sila. Plizyè jenn gason bay tèt yo volontèman chak jou pou fè sa yo kapab, san yo pap tann yon salè. Men pou reponn ak plizyè egzijans, tankou : pikwa, pèl, bourèt ak bay moun yo manje chak jou, komite a gen gwo difikilte pou avanse ak travay yo.

Daprè Madam Tinès ki se Pòt Pawòl komite a, avan menm yo te lanse travay la, yo te kontakte responsab Mèri Pòdpè a, ak MTPTC nan depatman ; yo pa jwenn bon rezilta ak menm espere anyen de enstitisyon sila yo. Pòt Pawòl la kontinye pou mande sipò tout moun ki gen bòn volonte, bay yo sipò nan mezi yo kapab pou yo ka kontinye travay yo. Moun ki ka ede yo jwenn materyèl oubyen lajan pou bay moun kap travay yo manje.

Madam Tinès fini pou di, malgre yo pa jwenn sipò Mèri Pòdpè ak MTPTC branch Nòdwès nan moman an, yap kontinye kontakte yo pou ede yo leve tout debwi yo retire nan kanal sila.

Comments are closed.