Kès popilè Kopèks mete pye l atè nan komin Ansafolè

1,633

07-27-2022

Ansafolè, Ayiti ___(TRiboLAND) Kès popilè Kopèks, ki se koperafiv epay e kredi nan Senlwidinò pran nesans li ofisyèlman nan komin Ansafolè.

Selon responsab yo, Majistra Odena Chanoine vini ak kès la nan komin Ansafolè pou kapab soulaje popilasyon ansafolwaz la; kote yap ofri popilasyon an anpil lòt sèvis ki te manke nan kanton an tankou: CAM , Western Union, UNI Transfè pou nou site sa yo sèlman.

Selon kèk moun ke TRiboLAND te arive konsilte nan komin lan, se yon gras pou yo paske se Pòdepè oubyen Senlwidinò yo konn al resevwa ti transfè yo . Avèk kopèks nan Ansafolè, sitiyasyon yo kapab chanje e yo ka jwenn yon alemye nan fason yo te konn ap soufri nan liy nan lòt komin vwazen yo.

Nan sans sa popilasyon an prè pou sere ak retire lajan yo nan kopèks Ansafolè san tèt fè mal ak malmakak.

Pierrilien Nicol Colly

Comments are closed.