Lapolis nan komin Valyè arete 5 endividi ki fè pati de yon gwoup asosyasyon kriminèl nan Montrevil

891

09-02-2023

Valyè, Ayiti ____(TRiboLAND) Aprè kèk enfòmasyon ki te arive jwenn lapolis, fòs lòd yo pwosede ak arestasyon 5 jèn gason ki fè pati de yon gwoup asosyasyon kriminèl nan zòn Montrevil.

Chener Elméus 20 lane ki soti Wanament, Lindor 24 lane ki soti Okap, Joseph Josnel 24 lane ak Luckendi Cicéron 22 lane e Antonio Cicéron 23 lane yo se natif natal Valyè.

Enfòmasyon yo fè konnen, endividi sa yo gen abitid òganize rankont nan zòn nan avèk entansyon pou ta kreye yon rezo bandi.

Sèten manm nan popilasyon an ta fè konnen, gwoup kriminèl sa ta komèt plizyè vòl nan dènye jou sa yo.

Comments are closed.