Jenny Marcélus pran nan woulo pou kreye “fake Kidnapping” nan Pòdpè

469

04/04/2021

Pòdpè_____(TRiboLAND) Otorite lokal yo nan depatman Nòdwès ap fè bwàs pou pouswiv Jenny Marcélus pou “fake Kidnapping.” Selon komisè Jean Volny Bellamin, sete vye rumè mèt dàm ak rizyèz ke jenn fanm nan te vle fè sikile pandan li t’ap bolozo ak mennaj li pandan plizyè jou.

Enfòmasyon yo fè eta de yon chato manti Jenny likide bay fanmiy li sou pretèks yo ta kidnape’l nan moman li te al achte yon pap padap nan jedi swa ki te pwemye avril 2021. Konsa, pase plizyè jou ap banbile nan plezi boubout; ak kè poze Jenny lage san filtè tout fanmiy ak yon popilasyon nan panik jeneralize. Li fè yo depoze’l nan zòn Tifon yèswa alòske li rele manman’l di yo libere’l vè 8:30 p.m.

Manman Jenny te akonpanye lapolis pou te rive Tifon vè 9:00 p.m. nan samdi 3 avril 2021 an, yo arete rizyèz la ki pase tout nwit samdi 3 avril la pou rive jodi dimanch maten 4 avril 2021 an nan komisarya Pòdpè a. Jenn fanm nan pase tout nwit lan nan gadavu e kontinye ap reponn kesyon otorite yo nan vil Pòdpè. Jenny, gen pou li al reponn kesyon lajistis demen lendi 5 avril la apwè ke yo transfere yon parèy dosye “Fake Kidnapping” nan pakè.

Konsa, komisè gouvènman Jean Volny Bellamin, sèmante ke l’ap pran gwo mezi drastik kont tout eleman drivayèz kap itilize “auto-kidnapping” pou simen panik san regrè, pètibasyon ak latwoublay piblik nan depatman Nòdwès la.

Comments are closed.