Aktivite gede gaye nan divès andwa nan komin Tigwav, patikilyèman nan vil la.

1,251

11-02-2022

Tigwav, Ayiti______(TRiboLAND) Reprezantan KNVA an nan komin Tigwav, Paul Ever JOSEPH òganize yon defile gede nan okazyon fèt mò yo jounen mèkredi 02 novanm 2022 a.

Selon vodouyizan yo, defile sila a, òganize nan lide pou onore tout mò, tout ougan, tout manbo, tout vodouyizan ki mouri mò bal, mò pann, mò nan dlo, mò kabann ak sila yo ki mouri mò lamizè.

Vodouyizan yo ki te pakouri divès ri atravè vil Tigwav, desann wout nasyonal nimewo 2, pase “Kwa Jibile”, lonje ri Desalin, ri Lama, gran ri, ak ri Louvèti t’ap fredone chante “Brav Gede”. Te genyen yon bon latriye patisipan nan lari a. Yo te abiye an blan e mov, kote yo ta pral rantre nan gran simityè Tigwav la. Konsa, se la, vodouyizan yo ta pral mete plezi atè. Anpil kout bagèk grennen, seremoni vèvè fè kenken, gede yo pran piman, bwè piman, gason tankou fanm, daprè yo, se pou onore mò yo yon fason pou fè kè kontan.

Poze yo kesyon pou konnen pou kisa se nan simityè a yo vini selebre gede, yo fè konnen, se paske se nan simityè Grann Brijit te mouri, se nan simityè bawon lakwa a ye, se pousa yo fete 1e novanm lakay yo epi 2 novanm yo vini selebre nan simityè a pou bay tout mò, tout sen yo adorasyon pa yo.

JOICY Arnold, Tigwav

Comments are closed.