Dirijan lokal nan vil Ansafolè ki pa renmen pwòpte voye manda bay 2 jèn ki deside mete frechè nan yon plas biplik

422
0
Share:
TRiboLAND

Ansafolè, Ayiti_____(TRiboLAND) Se avèk anpil konstènasyon, denonsyasyon ak pwotestasyon bann rara ap chante (Aba Lameri, Viv Lajenès) nan lari jounen jodi mèkredi premye oktòb 2025 lan, lè plizyè sitwayen nan komin Ansafolè aprann Lameri Ansafolè voye manda papye tenbre bay 2 jèn Robens ak Mackenzie ki reprezante òganizasyon “Ann Avanse” (AVA), akoz yo te deside pentire yon plas piblik nan komin nan ki te an malmakak.

Enfòmasyon ki rive jwenn TRiboLAND.com, fè konnen 2 jèn sitwayen pwogresis sa yo, pa sispann mete sou pye yon seri inisyativ ki vize leve eskanp figi komin Ansafolè kap jemi sou pye anba 2 je nawè yon seri otorite tèt chat anti-pwogrè ki kwè nan demolisyon ak efondreman.

Sa pa genyen lontan, depi ke AVA, ki genyen yon Alatèt kap viv nan peyi Lòt bò Dlo, te deside fè antre yon latriye pano solè piblik pou komin lan. Anwo Bouk ak Anba Bouk e san konte Anba Nan Jaden, te benefisye enstalasyon pano sila yo ki arive leve eskanp figi rejyon an. Yon parèy inisyativ te soulve anpil kontantman nan milye popilasyon an. Pou kèk kritik, otorite swadizan kap jere Mèri a, te asèpte apiye yon parèy pwojè pano solè kont yo menm.

Pandan ke vil Ansafolè ap prepare pou resevwa yon lòt kontenjan pano solè, rapò otorite yo avèk sitwayen ki vle wè pwòpte, vinn trè toksik. Gro kè ak jalouzi anpare otorite anti-chanjman yo, ki pè pou yo pa pèdi vizibilite pandan y’ap pèdi plim. Yon parèy konpòtman bosal ak sansal, bay anpil moun repiyans; yon leadership sangwen, ki kont tout fòm chanjman, sou pretèks pou lòt pitit komin nan pa parèt twòp sou teren politik la.

Pwatik apatrid sa yo, pa nouvo pou yon latriye moun. Anpil komin ap soufwi akoz yon seri dirijan kwatchòkò ki kanpe anbandoulyè pou lòt moun pa fè anyen pou lakay yo. Se menm kad figi a, pou vil Pòdpè, yon majistra sansal kap grate santi depi 10 lane nan tèt minisipalite a, e ki ta sanble enplike nan yon latriye eskandal, tankou aktivite gang, pa vle anyen pozitif reyalize nan site Kapwà Lamò a; tankou vil Pòdpè se byen manman li ak papa li. Yon jou lap jou!

Lameri nan Ansafolè, te kapab dijere enstalasyon pano solè yo kont yo menm; sepandan, pou sa ki te genyen pou wè avèk inisyativ pou pentire plas piblik la, yo pa antre nan yon parèy lojik lapwòpte. Alòske, yon bonjan kantite penti te chita nan yon kwen pou yon bon bout tan. Konsa, plas piblik la te dwe pentire depi mwa jiyè; alòske, se nan yon veritab meli melo ak tanpri souple, pou travay la te arive fèt.

Konsa, reprezantan AVA yo ki estime, sa ale trò lwen; yo te deside pentire espas piblik la san apwobasyon swadizan majistra Madam Guilène Jn Pierre ak Oliva, ki deside voye manda bay 2 jèn sa yo ki pote Ansafolè sou kè yo. Se konsa, se maten jedi 2 oktòb 2025 lan, ti mesye yo dwe prezante nan tribinal; anpil sipò popilè ak moral, dwe jwe anfavè jèn sa yo ki pa fè oken peche ke deside pentire plas piblik la.

Nap raple, pouvwa 2 manm katèl sila yo te ranfòse aprè majistra alatèt la te pati nan sòlòkòtò Joe Binden lan.

Share:

Leave a reply