Trajedi sou wout Grigri : De frè ak sè, Julien Withna ak Julien Mavensly, pèdi lavi yo nan yon aksidan

08/10/2026
Pòdpe, Ayiti ____(TRiboLAND) Doulè ak konstènasyon anvayi yon fanmiy apre lanmò trajik Julien Withna ak Julien Mavensly de manm kiwo, de frè ak sè ki pèdi lavi yo nan yon aksidan sikilasyon ki te fèt samdi 8 dawout 2026 la, sou wout Grigri.
Daprè enfòmasyon ki disponib, de viktim yo t ap sikile sou yon motosiklèt 110 lè yon machin ta antre sou motosiklèt la, sa ki lakòz yon gwo kolizyon. Aksidan an te kite plizyè moun nan konstènasyon, pandan fanmiy viktim yo ap travèse youn nan moman ki pi difisil nan lavi yo.
Yon fanmiy ki plonje nan dezolasyon. Lanmò Julien Withna ak Julien Mavensly parèt pi rèd toujou pou pwòch yo, sitou paske, daprè fanmi an, mesyedam yo pa t ap soufri okenn maladi anvan trajedi a. Se yon lanmò brital ak sanzatann ki vin kraze espwa ak pwojè de jèn moun sa yo.
Fanmiy lan, ki rete enkonsolab, ap eseye fè fas ak doulè yon pèt li pa t janm pare pou li resevwa. Pou pwòch yo, se pa sèlman de moun ki disparèt, men se de lavi, de prezans ak de rèv ki koupe bridsoukou.
Aksidan sila, vinn ajoute sou lis trajedi ki fèt sou wout yo nan peyi a, kote motosiklèt ak machin souvan enplike nan aksidan ki gen konsekans grav.






