Tigwav: reyaksyon kèk fanatik Foot-Ball sou Mondyàl Katar 2022.

1,052

11-19-2022

Tigwav, Ayiti_____(TRiboLAND) Nan kad yon vizit TRiboLAND te fè jounen samdi 19 novann 2022 a, nan divès baz fanatik Foot-Ball nan komin Tigwav espesyalman nan vil la, fè konnen, yo genyen gwo kè kase akoz yo pa wè okenn demach kap fèt bò kote otorite yo nan EDH branch lokal la, pou fasilite yo jwen yon tilòsyè kouran yon fason pou viv Koup Dimonn lan mem jan ak tout lòt pèp sou planèt la.

Tifozi Foot-Ball yo pa manke mo pou kritike gouvènman defakto Ariel Henry a, yo di ki pa genyen okenn volonte pou amelyore kondisyon vi pèp ayisyen an, lè yo konsidere yo pa genyen aksè nan anyen yo pran ekzanp: dlo pòtab, elektrisite, sekirite, edikasyon, sante, wout, travay, nouriti elatriye… Fanatik yo kap poze tèt kesyon pou konnen jouk kilè yap kapab genyen aksè pou yo viv byen menm jan ak tout lòt pèp nan monn lan.

Malgre mobilizasyon konikè espòtif yo nan divès estasyon radyo ak rezo sosyo yo nan site souloukwaz la, fanatik “woule boul” yo deklare, yo pa santi mondial la menm jan sa te konn fèt avan akoz pa genyen kouran, pandan yo di Koup Dimonn lan, se yon evènman ki òganize chak 4 lane, yo kwè yo pa ta dwe rate okazyon sa a.

Nap siyale, sitwayèn, sitwayen yo di, yo menase bloke wout nasyonal # 2 a nan tout zòn yo si tout fwa otorite yo nan EDH vil la pa fè okenn manèv pou fasilite yo jwen yo tilòsyè kouran pou gade match Foot-Ball yo san bouch gonfle.

Brezil, Lafrans, Ajantin, Almayn, Pòtigal, Lespayn, Beljik, Koasi, Kameroun, e Nijerya se kèk seleksyon ki genyen anpil fanatik nan komin Tigwav.

JOICY ARNOLD.

Comments are closed.