Chanpyona “Plezi Vakans”, lanse ofisyèlman 15 èm edisyon yo nan vil Tigwav.

07 – 18 – 2026
Tigwav, Ayiti ____(TRiboLAND) Nan yon konferans pou laprès jounen samdi 18 jiyè 2026 lan, sou teren Pak Siclet nan zòn plas Abèy Tigwav, Federasyon an, lanse ofisyèlman 15èm edisyon chanpyona ki batize “Plezi Vakans” kap demare samdi 25 jiyè 2026 kap vini la a.
Prezidan Federasyon an, Paul Marckson ki te pran lapawòl nan okazyon an, deklare tout kondisyon yo reyini pou demaraj 15èm edisyon chanpyona “Plezi Vakans” pou ane 2026 lan. Li mande pou tout ekip kap patisipan yo, respekte règleman chanpyona a san grate tèt; konsa, li presize si yon ekip vyole lwa chanpyona a, lap tonbe anba sanksyon Federasyon an.
Nan sans sa a, prezidan Federasyon jwèt boul la nan Tigwav, Paul Marckson envite tout moun kap viv nan rejyon gwavyèn ak depatman Nip peyi a, pou vin patisipe nan 15èm edisyon chanpyona “Plezi Vakans”. Kidonk, li fè yo konnen ke tout dispozisyon deja pran ak lapolis, pou asire sekirite chak gren’n moun ki vin sipòte ekip yo nan konpetisyon an.






