Jan Rabèl – Sosyàl : Juliette JP Francisque lonje men bay plizyè fanmiy nan Deboche

1,436

11-01-2022

Jan Rabèl, Ayiti ____ (TriboLAND) Juliette JP Francisque selebre Fèt Latousen selon kwayans katolik yo; men pou vodouyizan yo se “Gede” premye novanm 2022 a, atravè zèv charite. Plis pase yon 50èn kit alimantè distibye bay plis pase 50 fanmiy nan Deboche, 6èm seksyon komin Jan Rabèl.

Juliette JP Francisque delivre Senkant kit alimantè nan Deboche, komin Jan Rabèl

Kit sa yo ki te gen nannan, te konpoze ak diri, farin, mayi, pwa, lwil, farin mayi, makawoni, sadin ak pat tomat.

Nimewo 1 Roro’s Plaza a, ki baze nan Jan Rabèl te chwazi fè jès sa, yon fason pou pote solidarite ak plizyè fanmiy kap pran lakilbit ekonomik, sitou ak pwoblèm sosyo politik peyia ap konnen nan moman sa. Moun nan seksyon an te kontan pou yon parèy jès, pandan y’ap mande benediksyon pou Juliette ak tout fanmiy li.

Daprè entèvansyon Juliette, li te swete plis fanmiy jwenn, men aktivite yo ki bloke koz gen gwo difikilte pou antrepriz yo mache nan fason yo ta dwe mache.

Comments are closed.