KARIKÒM estime tròp voye flè : Diplomasi ayisyènn nan ap pèdi plim ak minis Afè Lòt Bò Dlo a, Harvel Jean Baptiste

Par TRiboLAND.com
Diplomasyi ayisyèn an apènn fè bèk atè ankò avèk yon seri amatè san tit san konpetans kap mete nasyon ayisyènn nan ajenou ak kout frèt anbarasman. Yo lòt fwa ankò, konpetans minis Afè Lòt bò Dlo a, Jean-Victor Harvel Jean-Baptiste ap pèdi plim ni nan fòm e ni nan pwotokòl nan nivo agreman diplomatik. Yon sous ke TRiboLAND.com kapab fè konfyans, konfime ke otorite peyi Dayiti ap benyen egalman nan enkonpetans e malmakak diplomatik. Bagay yo ap degrengole tout bon!
Se reyèlman yon gro kout mato pou CPT a ak tout gouvènman Didier Fils-Aimé ki arive nome yon minis Afè Lòt bò Dlo kap gaye pay nan diplomasi a. Nou vle fè referans ak Harvel Jean Baptiste ki voye flè nan sa ki genyen pou wè avèk nominasyon zanmi makrè’l li, Chenet St Vil kòm anbasadè nan KARIKÒM, nan Giyana. Avèk anpil supriz, lokal pou loje anbasadè a nan Giyana, pa menm egziste pou nou pa menm ta pale sou otorizasyon bòkote responsab KARIKÒM yo.
Konsa, fas ak yon parèy deriv tètmatoist; san lizaj ak pwotokòl ki reji modalite ak agreman diplomatik yo, Harvel Jean Baptiste ki se boul pik pouvwa kap bwase a, oblije tonbe anba ranvwà diplomatik bò kote responsab KARIKÒM yo, ki deklare li kòm pèsonaj non-grata. Alòske, Chenet ki tap rete tann pwosedi ak fòmalite yo, pa arive asiste tiraj. Kidonk, fas ak yon veritab wont avèk mepris machwè gonfle, mesye St Vil te tèlman tounen pwatann, li oblije retounen anndan peyi Dayiti ak yon gro fyèv malmakak diplomatik.
Avèk yon parèy ekip kap fè jwèt manje tè ak peyi Dayiti, pa genyen bouch pou pale! Anpil nan nominasyon krizokal sa yo, arive fèt sou baz zanmitay, kote ke konpetans pa janm jwen ti kal benediksyon bò kote raketè politichyen ki pa sispann souye valè peyi a. Harvel ki pa sispan plase moun nan bwàt diplomatik yo, pou pi gro bòss li devan Letènèl, Claude Joseph, koze anpil gro domaj ak tèt vire nan diplomasi ayisyènn nan ki pa sispan pran lanm ak yo seri swadizan moun letre ki pa metrize ABC relasyon entènasyonal yo byen. Pou anpil moun, se yon seri deriv ki danse kole ak amateris ou demachè kap bwase e ki arive pran bwàt diplomatik yo daso, san tit, san lizaj e san eksperyans nan nivo entènasyonal.
Antouka, pandan peyi a ap pran gro lanm anba yon kriz tout kalite, dirijan yo pa sispann pèdi plim. Anpil kritik rete kwè, se enfliyans politichyen ki depatcha tout sa peyia genyen kòm enstitisyon. Kèk moun ale pi lwen pou yo lonje dwàt sou ansyen minis Afè Lòt bò Dlo a, Claude Joseph, Lavalas, Inite e latriye ki achte bwàt diplomatik yo lajan kontan.






