Polis minisipal nan komin Senlwidinò mete anba kòd yon bandi ki fè pati gwoup Bòz Ti Rivyè a.

838

01-26-2024

Senlwidinò, Ayiti___(TRiboLAND) Polis minisipal yo kap tante kraze baz Bòz Ti Rivyè ya, nan komin Senlwidinò, mete anba kòd yon bozè ki pa limit nan pran krak li.

Anpil baz bóz loje nan komin nan ap fonksyone leswa; aprè yo fin “High”, yo pran lari pou atake kay, biznis ak moun kap vwayaje gran bone nan maten.

Selon responsab polis minisipal la, Orius Cherfrère pandan yap travay pou dezenfekte komin nan yap mande tout sektè ki renmen chanjman pote solidarite avèk yo pou travay la kapab pi efikas.

Comments are closed.