Popilasyon an nan komin Dèlma voye al bwa chat, anviwon 5 gwo koure ki tap tante fè yon kidnapping, maten lendi 6 novanm 2023 a.

251
0
Share:
TRiboLAND

Anviwon 5 gwo koure pase anba kòlè popilasyon an, se bilan positif aplikasyon Bwa kale a, nan komin Dèlma.

11-06-23

Dèlma, Ayiti__(TRiboLAND) Popilasyon an nan komin Dèlma 33 ak nan 31 leve anba gwo tansyon byen bonè maten lendi 6 novanm 2023 a, apre divès kout zam ta pral chante nan kanton an.

Konsa, apre bri katouch sa yo te fin reveye popilasyon an, ki te deja sou brennzeng yo, yo arive poze lapat sou anviwon 5 gwo koure ki tap feraye, kase bwèlta ak gwo zam nan men yo, nan moman yon tantativ kidnapping.

Enfòmasyon ki rive jwenn nou nan sal redaksyon nouvèl TRiboLAND, ta fè kwè nan moman kidnapping nan, endividi sa yo te pote gwo palto CIMO sou do, yon mannyè pou te rive twonpe vijilans pèp la ki pat vrèman nan fon sòmèy. Popilasyon an bay eskanmotè yo “love”.

Nan moman n ap pale la a, evènman sila mete gwo bouch pa gou nan kan bandi yo, e menm voye plizyè ti machann kite abò mache Nan Sitwon an, ki t ap boske lavi, ale nan divès lopital nan kapital la.

Share:

Leave a reply