Nan mwens ke 8 jou, lapolis vide atè yon 3èm bandi sangwen nan vil Pòdpe apwèmidi 5 septanm 2023 a.

878

09-05-2023

Pòdpè, Ayiti____(TRiboLAND) Nans mwens pase 8 jou, sa fè 3 bandi ki ta gentan tonbe depi nouvo Direktè depatmantal Polis Nòdwès enstale nan komin Pòdpè.

Marckenson Jean Paul, ki se yon natif natal komin Gwo Mònn, jwenn ak zo grann li apwèmidi madi 5 septanm 2023 a, nan komin Pòdpè, nan lokalite Lasalenn. Marckenson, fè pati gwo rezo gang kap opere Ti Bwadòm ki nan danse kole ak group gang “Kokorat San Ras”.

Sangwen te antre nan Pòdpè nan kad envèstigasyon pou bay moun kontwòl, alòske lapopo te gentan gen antènn sou sangwen an ki blese mòtèlman, nan menm lokalite ke yon lòt gang te jwenn bouchon li, nan mwens 8 jou.

Comments are closed.