Senlwidinò : Asosyasyon vodou fache kont sitiyasyon peyi a, yo òganize yon mach ki rive jous Lavil Okan

1,368

10-25-2022

Senlwidinò, Ayiti___(TRiboLAND) Wayòm Vodou Dayiti “Wavoda” akonpanye dirijan fanmiy Lavalas yo nan komin Senlwidinò, òganize yon mach pasifik pou kriye aba Lafrans, Kanada, Etazini e viv Larisi ki kapab ede yo nan sitiyasyon difisil peyi a trouve l la.

Sektè vodou a kwè se sèl bondye vodou a ki ka libere peyi a anba grif Ameriken. Yo mache soti nan komin Senlwidinò e rive jous Lavil Okan pou envoke espri konsène yo, yon fason pou dechouke Ariel ki kidnape peyi a.

Nan tout pakou sòlòkòtò ginen yo, moun ka konstate nan chak kafou yap travèse, yo trase yon vèvè, epi limen yon balèn sou konsyans blan Ameriken ak Ariel Henri ki responsab mizè pèp sa kite pran endepandans 1è janvye 1804. Jodia, ki tounen poubèl pèp Ameriken an.

Manifestan yo te brandi drapo Larisi kòm inik senbòl espwa ki kap retire yo nan lanmè mizèrere kolonyalis ke sosyete ayisyèn nan ap naje a. Pankat yo te di aba peyi Kanada, Lafrans, Etazini e viv Larisi. Demand yo drese dirèkteman bò kote ginen yo yon fason pou mande pasaj nan kad liberasyon pèp ayisyen an.

Pierrilien Nicol Colly

Comments are closed.