Dosye kabiran : pwoblèm gaz la pap rezoud si otorite yo pa pran l oserye.

1,385

08-08-2022


Senlwidinò, Ayiti___(TRiboLAND) Nan yon kominike konsèy minisipal Senlwidinò a te fè soti semèn pase a, li te ekzote tout chofè kamyon kap vin vann gaz ankontrebann nan komin nan, pou fè yon kanpe. Desizyon sa, ta sanble te manke fòs bò kote otorite yo oubyen lejète administratif.

Byen bonè maten 08 dawou 2022 a, yon gwo kamyon rantrenan zòn petit Rivyè ak yon kagezon gaz pou debake ankachèt. Mesye yo tèlman abil nan biznis lan yo alèz konblèz pou debake komès chanpwèl la. Malgre konsèy minisipal la entèdi kesyon vann gaz atè a, sa pa anpeche raketè yo vyole vijilans otorite yo pou yo fè lajan nan move kondisyon.

Pou anpil moun ki deja viktim de ensandi nan komin Senlwidinò, yo mande otorite kominal yo kenbe desizyon an fèm. Yo ale pilwen pou mande responsab yo: eske kominike a gen yon gwoup moun espesyal kap aplike l? Yon desizyon ki pran pou pwoteje vi yon popilasyon pa ta dwe gen marenn ak parenn. Sa kreye anpil fristraksyon bò kote sitwayen yo, paske gen plizyè fanmiy ki viktim deja nan mwa jiyè pase a.

Popilasyon Nòlwizyen an, lanse yon kri dalam bò kote otorite yo ak distribitè magouyè yo kap vann gaz atè, chèche rezoud pwoblèm gaz kap vann nan tout tikwen yo, paske pi bonè, se gran maten.

Pou fini, popilasyon an mande yon chans pou lavi ak byen moun, paseke se yon dwa moun genyen pou l viv nan bon jan kondisyon. Yo estime machenwa sa tounen yon kansè kap rune pèp ayisyen an ki deja fini sou pye!

Pierrilien Nicol Colly

Comments are closed.