Okap/eksplozyon : Pou pipiti 3 moun mouri kankannen nan yon sèl fanmi ak divès lòt ap pran swen lopital

1,841

04/21/2022

Milo, Kap Ayisyen_____(TRiboLAND) Pou pipiti 3 moun mouri anba flanm dife nan yon sèl fanmi, ak divès lòt boule, swit ak yon eksplozyon yon dwoum gaz, nan yon kay nan zòn Baryè Batan, yon lokalite nan komin Milo nan depatman Nò peyi Dayiti, jounen mèkredi 20 Avril 2022 a.

Pami moun ki mouri kankannen yo, genyen yon fanm ansent ki pote non Mirlène Michel ak 2 pitit fi li, Stecie epi Schinaidine Désamours.

Eksplozyon sa a, yon lòt bò, li okazyone gwo blesi ak brile diferan degree sou divès lòt moun ki tap viv nan kay sila; pami yo ou jwenn: mouche marye Mirlène Michel, ki pote non Raphaël Désamours, kap pran swenyàj medikal koulya sou kabann lopital.

Nap soulinye, nan jou sa yo, aktivite dife pa janm sispann mete depatman Nò a anba gro konstènasyon.

Comments are closed.