Jovenel Moise kontinye ap efondre Ayiti pandan l’ap klewonnen li vle dyalòg

405

03/30/2021

Pòtopwens______(TRiboLAND) Guichard Doré ki se konseye ansyen prezidan Jovenel Moise deklare yè lendi 29 màs 2021 an, ke lokatè Palè Nasyonal la trè ouvè pou li ta dyaloge sou tout sa ki genyen pou wè avèk pwoblèm ki lye ak konstitisyon ou referandum yo konte mete sou pye anndan peyi a.

Richard Dorè ki genyen men li tranpe nan yon pakèt dekrè ou dispozitif egzekitif la ki trè kontwovèse, afiche konfyans li nan valè tèks pwemye men inisyativ nouvo Manman Lwà peyi a ke li kwè ki ta dwe benefisye atansyon elit peyi a pou yon adopsyon bòn e difòm.

Sepandan, malgre pwotestasyon yon latriye sèktè ki estime chanjman konstitisyon an ak aktivite referandum Jovenel Moise yo, se yon veritab lòbèy diktatoryàl ki kontinye non sèlman efondre peyi ki alagoni, men sitou endinye majorite ayisyen sou nivo konpetans primè ansyen lidè PHTK a nan kesyon responsabilite ak gouvènabilite.

Konseye Jovenel Moise la ki pa inosan nan katchouboumbe Ayiti ap naje a, ta sanble bliye ke Jovenel Moise ap fè fas ak yon anemi konfyans nan bay manti pou fè tan pase ak traktasyon. Eske reyèlman genyen chans pou yon ti van dyalòg ak yon kaptèn bandi ke yo repwoche ki deja kidnape, vyole, asasine, piye, opwese, gansterize e maltrete pwòp sitwàyen ki abò yon bato ke li deja fè moute sou resif?

Enel Richard

Comments are closed.