Endividi pèsòn pa rive idantifye ak gwo zam nan men yo, kase biwo ONA a nan vil Wanament.

828

01-30-24

Wanament, Ayiti__(TRiboLAND) Sityasyon gwo tansyon kap travèse vil Wanament depi plizyè jou nan mwa janvye a, ta sanble vize biwo Leta yo.

Endividi pèsòn pa rive idantifye ki pote gwo zam manch long nan men yo, vandalize biwo ONA a nan vil Wanament, nan dat lendi 29 janvye 2024 la.

Enfòmasyon sal redaksyon nouvèl TRiboLAND resevwa nan men kèk kòlèg jounalis ki te sou plas ta fè kwè, endividi sa yo taka pote ale plizyè materyèl enpòtan ki kapab genyen gwo enpak sou fonksyonman biwo a nan jou kap vini la yo.

Comments are closed.