Wanament: Pòt Pawòl Komite Kanal la demanti kon chyen medya dominiken kap klewonnen ke fontyè ayisyen an ouvwi.

872

10-15-2023

Wanament, Ayiti______(TRiboLAND) Nan yon pwen pwès ke li bay sou fontyè ayisyano-dominken, Pòt Pawòl Komite Kanal la, Wideline Pierre deklare, afè kesyon fontyè ouvwi a, se pwopagann jounal dominiken kap reve e ki pa nan reyalite.

Madam Pierre ki pa pote pantalon li pou bèl twal, deklare ke fontyè rete fèmen, yon fason pou popilasyon dominikèn an pwan men li pou sispann fè jwèt raketè politisyen kap jwe nan tèt yo pou yo devlope ènn kont pèp ayisyen chak fwa genyen eleksyon.

Madam Pierre, ale pi lwen pou li di, ke baryè a ap rete fèmen. Pa genyen sa pyès! Yon gwoup ayisyen ki te genyen machin yo sou fontyè a, te oblije antre ale pran yo e retounen san pèdi tan ak machandiz yo; pa genyen fontyè ki louvwi!

“Si dominiken yo vle wè fontyè ouvè, ke yo al dòmi reve. Nou pran desten nou anmen koulya”, dapwe Wideline Pierre ki tap depoze.

Comments are closed.