Senlwidinò : Fineray Claudy Nelfrard viktim ak bal 26 me pase.

2,957

06-11-2022

Senlwidinò, Ayiti____(TRiboLAND) Fineray Claudy Nelfrard, chofè pwalou ki te tonbe an bal Leon Charles, chante jodi samdi 11 jwen 2022 a nan legliz Kreyèn Maranata nan Senlwidinò.

Claudy Nelfrard te fèt 15 septanm 1967, li mouri 26 me pase anba bal Léon Charles aprè yo te soti jije nan tribinal depè komin Senlwidinò a, zòn Ti Rivyè. Kidonk, byen avan fineray la, jij Edene Lubin akonpanye polis nasyonal te poze sele sou tout sa ki rele Léon chèmèt chèmètrès nan komin nan .

Se yon dosye tout moun ap swiv, paske kèk jou aprè li te fin touye Claudy, li te voye yon odyo pou di se madam Claudy ki touye l, selon yon rezilta tab tounant.

Pierrilien Colly

Comments are closed.