Anbasadè peyi Izrayèl nan Repiblik Dominikèn fè KONADO kado yon kontenè manje ki evalye a 17 mil dola  blan meriken

1,336

10-21-2022

Wanament, Ayiti __ (TRiboLAND) Jounen jedi 20 Oktòb 2022 an, nan kad yon pwojè pilot, Konado resevwa yon kontenè manje nan men Anbasadè peyi Izrayèl la nan Repiblik Dominikèn. Yo pral itilize yon teknik awozaj pa degout dlo, kote peyi Izrayèl pral voye teknisyen vin akonpanye teknisyen ayisyen yo; sistèm yo pral enplemante-a, ap kapab prodwi rekòlt ou kichòy tankou powo, chou, leti ak lòt bagay depi sou 28 premye jou yap ka rekòlte; leti, powo, chou ak lòt toujou.

Anbasadè Danny BIRAN di yo konte enstale yon sistèm nan Rivyè Masak pou rann dlo-a trete. Li mande pèp ayisyen an pou l pa pèdi lafwa’l paske pèp Izrayèl la te pase plis pase 200 ane deyò se apèn yo genyen 75 lane depi yo retounen lakay yo.

Prezidan Kodevi a, Fernando Capellan mande kolaborasyon kominote a pou pèmèt konpayi a fonksyone; si li kanpe, tout kliyan yo prale epi lè sa yo pap gen lòt solisyon se fèmen nèt. Kidonk, depi ou pèdi yon kliyan, li pap tounen ankò. Sitou lè’l konsidere Pak KaraKòl la ki kanpe pou problèm gaz nan moman an, sa lakòz chomaj la vin ogmante nan peyi a.

Kòdonatris KONADO a, Madam Jesula BLANC remèsye peyi Izrayèl pou don sa li fè kominote wanamentèz la atravè KODEVI; li kwè jès sa temwanye bon relasyon ki egziste ant Repiblik Dayiti ak peyi Israël pandan l di KONADO ap tann ak 2 bwa louvri pwojè jaden lakou a ki pral ede pèp ayisyen an .

Nap siyale donasyon an fèt pandan absans ajan egzekitif enterimè Wanament yo. Atravè KODEVI, KONADO benefisye 100 bokit penti pou l pentire kèk biwo Leta ak kèk miray ki nan diferan kwen nan vil la. Li bon pou mansyone ke KONADO te bay pawas Notre Dame 15 bokit penti yon fason pou te arive pete yon ti pròpte nan legliz la nan okazyon fèt patwonal nan mwa dawout pase a.

Jn Simon Manex


Comments are closed.