Operasyon polisyè nan Wanament : arestasyon, zam ak sibstans bwiganday arive sezi

07/23/2026
Wanament, Ayiti_____(TRiboLAND) Lapolis, nan tèt kole avèk komisè gouvènman Wanament lan, mèt Elima Florvil, mennen jounen mèkredi 22 jiyè 2026 la, yon gwo operasyon tranble janm nan yon latriye kay nan plizyè katye nan komin Wanament.
Operasyon sila ki te genyen prezans seksyon minisipal Polis Jidisyè (SMPJ) ladan li, te mete anpil annafè nan kouri, patikilyèman nan site Plannto, Ti Lorye ak Anba Gaya. Nan moman deblozaj la, fòs lòd yo te arive kraze kèt espas reselè e poze lapat sou yon bon valè sibstans bwiganday tankou : marigwana ak tabak melanje nan yon kay ki te sèvi baz pou jenn gason fimen bòz.
Antouka, otorite yo sezi yon 9 milimèt e pwosede ak arestasyon 3 endividi, pami yo 2 jenn gason ke yo jwenn nan yon baz Nan Bwadòn nan lokalite Ti Lorye.






