Abitan kap viv nan Lasalin lanse yon kri detrès kont Ajan Egzekitif Enterimè vil Pòdpè a.

206

Peyizan kap viv nan lokalite Lasalin, lokalite Polen/Lakòn, lanse divès kri kont Ajan Egzekitif Enterimè vil Pòdpè a, msye Josué Alusma, ke yo di kifè zòn nan tounen yon depo fatra.

07-24-2022

Pòdpè, Ayiti___(TRiboLAND) Nan tout peyi devlope, fatra se yon eleman ki rantab anpil. Yo sèvi ak li swa nan domèn agrikilti pou konpòs ak angrè, swa pou resikle epi voye yo sou mache entènasyonl la oubyen lokal,sou yon lòt fòm.

Konsa tou, yo konn itilize lòt metòd pou destinasyon final fatra sa yo tankou : Anfouyisman, Ensinerasyon, Dechè Kontwole Minisipalize elatriye. Sepandan, nan peyi Dayiti notaman nan depatman Nòdwès la, fatra a vin tounen yon eleman jenan akòz movèz jesyon, pwoblèm materyèl mete sou enkonpetans otorite minisipal yo.

Dapwè prensip lwa sou fonksyonman Mèri yo, yo prevwa yon sit dechaj kontwole minisipalize ki ta dwe nan yon distans 3 kilomèt ak vil la, swa yon zòn pèsòn pa abite ki konplètman rezève pou jete fatra.

Anpil kesyon ap poze pou konnen, èske Ajan Egzekitif Enterimè vil Pòdpè a kapap itilize wout Lasalin nan pou destinasyon final fatra? Èske fenomèn sa a, pap jenere gwo maladi sou po ak nan divès lòt ògàn abitan Lasalin yo?

Yon seri kesyon ki pa gen repons men pa kite Mirlène François ak Destiné Oriol endiferan lè yo fè konnen, lè pou ti moun yo ale lekòl se yon tèt chaje, tèlman gen move odè kap degaje. Anpil fwa yo oblije bouche bouch ak nen ti moun yo pou mouch ak sant charonj pafè la dènye sou yo.

Konsa, fas ak yon konpòtman manfouben e salòp, sitwàyen yo mande Josué Alusma, fè tout sal konnen poul vin retire depo fatra a nan vizaj yo. Si se pa sa, baton ki bat chyen nwà se li menm kap bat chyen blan an

Comments are closed.