Yon Nouvo Chapit pou Devlopman Pòdepè : Ann bati baz done komin nan ansanm!

04/22/2026
Pòdpe, Ayiti ______(TRiboLAND) Meri Pòdepè lanse yon gwo kanpay resansman ki vize ranmase done enpòtan sou popilasyon an ak kondisyon lavi nan komin nan. Objektif prensipal la se mete sou pye yon baz done serye ki ap pèmèt otorite yo konprann bezwen reyèl sitwayen yo, epi pran desizyon ki pi efikas pou devlopman lokal la.
Pou inisyativ sa reyisi, patisipasyon chak moun enpòtan anpil. Lè anketè yo rive lakay nou, li nesesè pou nou resevwa yo byen epi bay enfòmasyon ki klè, ki egzat. Se sou baz verite sa yo n ap ka idantifye pwoblèm yo epi pote solisyon dirab pou komin nan, daprè sa sèvis kominokasyon enstitisyon rapòte.
Sonje byen, kache verite pa janm ede avanse. Menm jan yo di a, si nou kache maladi nou, nou pap janm jwenn remèd. Ann mete tèt ansanm, kolabore ak Meri a pou nou konstwi yon Pòdepè ki pi òganize, pi solid, ak plis opòtinite pou tout moun.






