Lapolis sakaje plizyè dizènn elèv lekòl prive nan moman yo tap manifeste

02 – 03 – 2025
Jeremi, Ayiti_____(TRiboLAND) Gro deblosaj katchouboumbe ant elèv avèk fòs lòd yo nan Jeremi kreye gro tranble janm jodi lendi 3 fevriye 2025 la. Enfòmasyon yo fè kwè, sityasyon an te mangonmen nan moman plizyè dizèn elèv lise ki te ankòlè ap mache lage lekòl ou kolèj yo anba lapli kout boutèy.
Konsa, mannèv pou te genyen kontròl protestatè yo pat rive mòde ak lapolis; yo te itilize gaz lakrimojènn san rézèv, sa ki te lakoz plizyè viktim andedan kolèj yo nan itilizasyon gaz abizif lapolis la.

Anpil nan elèv viktim yo te oblije transpòte nan lopital Sen Antwònn Jeremi, kote vis ijans lan te depase pa evenman. Nap sinyale, anpil nan viktim yo, tap rann san e souf yo te wo.
,Nap raple depi komansman mwa Janvye 2025 rive jounen jodia, pwofesè yo pa mete pwent pye yo nan etablisman eskolè piblik yo, pou al fè lekòl.
Paran elèv viktim yo mande mesye dam yo pwan konsyans, repwann chimen sal klas yo; e pwofite okazyon an pou mande lapolis nan Jeremi, pou pa itilize bonbònn gaz lakrimojènn nan lekòl ki genyen timoun piti yo.