Nòt pou Laprès : CONADO nan komin Wanament bay esplikasyon sou misyon l

2,053

07-23-2022

NÒT POU LAPRES

Kominite egzekitif CONADO koube li byen ba pou salye tout moun alawonnbadè k ap jwenn chans tonbe sou ti nòt sa a, espesyalman moun Wanament nou kwè ki anvi soti nan bouyi vide k ap fèt sou rezo sosyal ak nan kèk radyo sou nouvo estrikti sa a.

Anvan nou ale pi lwen, n ap fè ou konnen ke CONADO konsidere tankou yon federasyon òganizasyon, enstitisyon prive tankou leta kòm “ Rotary, Lig Pastè yo, Legliz Katolik/ Caritas, CODEVI, Lameri Wanament,, Chanm Komès Nòdès, Visdelegasyon, ASCOMO, AVVO, SJM, PGNE, ACMTO, APVVO, pou n site sayo Sèlman.

CONADO gen yon misyon espesyal, se pèmèt bon jan devlompman fèt nan komin Wanament. Se yon espas ki rete ouvè pou lòt òganizasyon ki ta vle bay tèt li misyon pou travay pou devlòpman kominote Wanament lan. Sonje ke devlòpman fèt kote moun òganize yo.

Misyon CONADO ankò se travay pou pote chanjman nan kominote a.Yon misyon chak grenn moun ta dwe bay tèt yo. Pwoblèm yo anpil sèl nan kole zepòl pou nou rive rezoud yo. Se pa nan chèche detwi lòt nan bat pou nou pase devan. Anpil koze ap repete sou CONADO men nou vle di nou ke CONADO pa CODEVI epi li pa pou CODEVI, yon sèl e yon sèl grenn enterè nou gen se defann enterè Wanament.

CONADO bay tèt li yon misyon ki nòb ke nou p ap trayi lakay, ni moun ki sanble ak nou, nou swete nou rejwenn nou nan batay pou chanjman an, pou n gen yon lot Wanament.

Si nou ta dwe pale sou zafè tè, nou anvi di nou ke zafè tè se leta ki jere sa, CONADO pa gen pouvwa sa. Tout sa ki pa rantre nan misyon CONADO, nou ap rejte yo sou tout fòm. CONADO granmoun li pa depann de okenn lòt òganizasyon oubyen enstitisyon prive tankou leta. Yon òganizasyon ou enstitisyon manb k ap travay nan sans kontrè ak sa estati CONADO, kapab pèdi syèj li genyen an otomatikman

Tanpri sispann fè moun kwè CONADO se CODEVI, oubyen se zafè CODEVI. CONADO se zafè tout moun Wanament. Si nou renmen Wanament vre pa chita nan voye monte, ni nan detwi lòt. Tèt ansanm se fòs chanjman. Nou paka repouse tout bagay. Ann eseye mesyedam, se va yon byen pou kominote a.

N ap siyale sa, ke plas majistra Luma Demetrius anndan CONADO se yon plas onorifik. Nenpòt lòt majistra k ap gen pou vini ap tou ranplase l ladan. Gen pwojè ki pou siyen se yon Majistra k ap ka siyen l.

Moun ki siyen nòt sa se :
Kòdonatè CONADO a, SAINT-FIRMIN Jemael
Sekretè Jeneral CONADO a, Mèt BLANC Jesula
Ak Prezidan donè a: Majistra Luma Démétrius

Comments are closed.