Nòt Lapolis fè sòti sou arestasyon Mèt Robinson Pierre Louis

2,265

Nan yo nòt seksyon Kòdinasyon Près ak Relasyon Piblik Direksyon Jeneral PNH la mete deyò, fè konpran ke Direction Centrale de loa Police Judiciare (DCPJ) anonse pa genyen kanpe nan wout ak ankèt ki genyen pou wè avèk sezi gro kagezon 120,000 katouch sou wàf Pòdpè a nan kòmansman mwà jwen 2022 a.

Bwàs kap fèt pou vanse ak ankèt la genyen pou wè avèk liberasyon 2 trafikan zam sispèk ki makònen ak yon parèy dosye.

Ansyen komisè gouvènman pou tribinal premye enstans Pòdpè a, Michelet Virgile jwen revokasyon li bò kote Ministè Lajistis e Sekirite Piblik pou “fot grav” lè li deside libere prezime komèsan zam sa yo. Virgile te jwen arestasyon li e yo pat pran tan pout e transfere DCPJ.

Alòske ansyen manm kabinè Ministè Lajistis ak Sekirite Piblik, Mèt Robinson Pierre Louis te jwen envitasyon Biwo Afè Finans ak Ekonomi (BAFE) yè vandredi 22 jiyè 2022 a pou menm dosye sa; konsa, yo te tou mete men sou Mèt la aprè entèwogatwa.

Selon nòt Kòdinasyon Près ak Relasyon Piblik Direksyon Jeneral PNH la, Mèt Robinson genyen gro akizasyon ki pandye sou li. Yo akize l pou mètdam, sispèk pou kòripsyon, trafik enfliyans ak asosyasyon malfektè nan dosye trafik zam ak minisyon ilegal nan Pòdpè.

Comments are closed.