Pwezidan Pewou a deklare ke li angaje pou li bay tout moun ki afekte nan gwoudou gwoudou 7.5 la bourad krese sere

2,408

Lima____(TRiboLAND) Peyi Pewou fwape maten jodi dimanch 28 novanm 2021 an anba yon gwo gwoudou gwoudou magnitid 7.5 sou echèl Richter a. Aktivite latè tranble a andomaje plizyè batiman patikilyèman nan zòn solèy leve peyi a.

Konsa, nan yon tweet ke li mete deyò, pwezidan Pedro Castillo Terrones deklare ke li detèmine pou bay asistans jan sa dwe ye bay tout moun ki afekte yo. Mwen voye tout senpati mwen ak solidarite bay pèp Amazonas ki fwape seryezman anba move lawon gwoudou gwoudou a. Map fè bwàs pou mwen mobilize ministè ak ajans konsène yo nan bwanch egzekitif la yon fason pou yo pran aksyon san pèdi tan. Mwen garanti ou frèm ak sèm, ou pa pou kont ou! E nap ede sa yo egalman ki genyen  kay yo ki andomaje”, dapwè pwezidan Terrones ki tap depoze atravè yon tweet byen avan li tap pwepare pou vizite zòn ki afekte yo.

Pa genyen rapò sou oken moun ki mouri, sepandan anpil batiman ak wout pran anpil pataswèl, dapwè kèk sous ofisyèl bò kote gouvènman an ak sa moun te kapab obsève sou yon video Polis Nasyonal Pewou a.

Amazonas se rejyon sila ki detèmine (episant) mitan tèt gwoudou gwoudou a, sepandan moun te kapab santi sekous latranblàd yo nan kapital Lima, ak nan kèk lòt vil ki tou pwe. Oken aktivite tsunami pat rapòte. Byen bonè maten dimanch lan kapital la te pran egalman yon fwà ki estime 5.2 magnitid.

photo: © Polis Nasyonal Pewou/Twitter

Comments are closed.