Bandi sangwen asasine yon Doktè pedyàt e kidnape madanm li ak pitit li devan klinik li

225

02/28/21

Pòtoprens_____(TRiboLAND) Yon Doktè pedyàt ki pote non Ernst Paddy, ki genyen mobilite redwit asasine anba zam bandi sangwen nan aveni Chistophe toupre CONATEL, devan klinik li; ajoute ak sa, sangwen yo anlve egalman madanm li ak pitit li, selon yon seri temwanyàj.

Antouka, yon kidnapping anplis selon popilasyon an ki pa sispan lonje dwàt sou gouvènman diktatè. Tout sa esplike objektif gro pwotestasyon ki genyen nan tèt Komisyon Pwotestasyon Kont Diktatè an Ayiti (CPCDH) ki kore ak yon latriye òganizasyon nan sosyete sivil ak opozisyon an, yo tout yo detèmine pou rele aba ensekirite, aba kidnapping, aba kòripsyon, aba asasinay e rele chalbarik dèyè gouvènman diktatè a.

Comments are closed.