Eleksyon RD yo kanpe akoz pwoblèm teknik ak nouvo sistèm vot elektwonik la

0 352

Sen Domeng___(TRiboLAND) Komisyon Elektoral Santral peyi Repiblik Dominikènn nan mete yon bout nan aktivite electoral yo jounen jodi 16 Fevwiye 2020 an. Yon parèy desizyon istorik arive manifeste an rezon de yon seri difikilte teknik sistèm vot elektwonik la ap bay nan plis pase 50% biwo vot yo.

Selon yon sous otorite electoral, byen bonè nan maten sant vot yo te deja boure avèk moun; alòske aparèy elektwonik yon te deja ap ajite avèk difikilte teknik kienplike lojisyèl sistèm nan e ki egalman te solisite entèvansyon teknisyen yo pou yon pwoblèm e ki estime ke depanaj ekipman yo ap pran plis tan.

Konsa, apwè plis pase 3 èd tan san siksè, responsab yo pran yon desizyon istorik pou peyi Repiblik Dominikènn ki pwosede avèk sispansyon total eleksyon minisipal yo. Divès candida te deja ap rele amwey pou non yo ki pat parèt nan kèk bilten elektwonik, yon enpèfeksyon ke responsab elektoral yo pwomèt pou envèstige.

Leave A Reply