Jistis : plis pase yon douzèn resipyandè prete sèman kòm “Fonde de Pouvwa” nan Tribinal de Pè Pòdpè a

Vendredi 22 jiyè 2022
Pòdpè, Ayiti _____ (TriboLAND) An prezans divès moun, yon odyans ekstrawòdi fèt pou pèmèt ak 14 etidyan nan Syans Jiridik prete sèman kòm “Fonde de Pouvwa” nan Tribinal de Pè Pòdpè a. Emerlin Youte, Wilsaint Fleurila, Maurissaint Petit, Jhonson Fenelus, pou-n site sa yo sèlman, yo tout te pami etidyan sa yo ki prete sèman jodi vandrwedi 22 jiyè 2022 nan site Kapwa Lamò a.
Jij Paul Blanc te syeje nan siskonstans lan, nan debi odyans lan jan sa toujou fèt. Jij la te bay lapawòl Prezidan Kòporasyon an lapawòl, ki li menm te mande majistra pou yo verifye pyès resipyandè yo.
Aprè verifikasyon pyès yo, Prezidan te soulve eksepsyon pou kèk pyès ki pa ajou, tankou kèk matrikil fiskal. Twa pami 14 moun ki tap prete sèman yo poze pwoblèm yo genyen pou jwenn sèvis nan DGI, depi plizyè semèn yap fè ale vini pou jwenn yon nimewo NIF ki pa janm posib akoz pwoblèm sinyal.
Plizyè fonde de pouvwa te pran defans resipyandè yo, ki daprè yo, pwoblèm sa pa revyen a resipyandè yo paske se yon pwoblèm ki genyen nan nivo Leta. Jij Paul Blanc te konkli anfavè resipyandè yo, pandan li bay yo posiblite pou prete sèman, men yo pap jwenn pwosè vèbal jiskaske yo pote yon NIF ki ajou.
14 resipyandè sa yo te divize an twa group jiska pedestal la, pou prete sèman jan la lwa mande sa. Prezidan kòporasyon an te ankonpanye premye group la, Me Fanuance Hodney te asiste 2èm group la ak Me Maxène yon Avoka militan te eskòte dènye group la.
Jij Paul Blanc, jan sa konn fèt te prodige anpil konsèy bay nouvo “Fonde de Pouvwa” yo. Li raple yo, se yon etap anplis yo franchi; prete sèman kòm “Fonde de Pouvwa”, se yon pa nan pwofesyon Avoka a. Inik bousòl yo pa dwe lòt bagay sinon ke tèks Lwa yo, daprè Jij Blanc ki tap depoze nan okazyon an.






