Divès etablisman eskolè relouvri pòt yo nan vil pòdpè apwè pasaj gwoudou gwoudou a.

195
0
Share:
TRiboLAND

01/25/2022

Pòdpè_______(TRiboLAND) Divès etablisman piblik kou prive, primè tankou segondè, relouvri pòt yo jounen madi 25 janvye a apwè pasaj tranblemanntè a nan vil Pòdpè.

Kidonk, fenomèn gwoudou gwoudou a pa sispan simen laperèz oubyen panik nan mitan elèv, paran, pwofesè ak direktè lekòl yo. Konsa, sa lakòz yon bon valè lekòl pako pou jis koulya relouvri pòt yo.

Li enpòtan pou konnen, sa fè yon bon bout tan depatman nòdwès la notaman vil pòdpè gen alèt gwoudou gwoudou sou tèt li akòz fay septentriyonal la kap akimile enèji chak jou ki jou e ki k ap lakòz gwo dega malè pandye.

Genson HYPPOLITE

Share:

Leave a reply