Komisarya Zile LaTòti-a ouvwi pòt li: yon inik kado pou fèt patwonal La Nativite

212
0
Share:
TRiboLAND

PÒDPÈ__(TRiboLAND) Si se Leta Dominiken ki te genyen anba men yo trezò tankou Latòti ki se yon jwayo paradi, yon patrimwann nasyonal, yon lye istorik ki date depi tan Lakoloni sou rèy flibistye yo; yo tap gentan ofwi yon pakèt opòtinite pou moun LaTòti ki pa gen rele, ki pa gen reponn. Tout sa esplike absans leta sou zile.

Depi 14 Me 2019, yon ensidan pase sou zile LaTòti; yon kwoup malfwa arive mete dife nan inik komisarya zile-a nan espwi pou fè konfwontasyon ak lapolis. 2 ou 3 polis ki te sou zile-a te oblije pwan lyann pou yo akoz vi yo ki te andanje. Depi lè sa, popilasyon an lage pou kont li. Imajine gwosè yon lil konsa, nenpòt fòs de 20 sòlda kapab antre e okipe-l la nan figi swa dizan  leta koupyon an.

Anplis, sa gen plis pase 2 lane yo pwèske pa tande Majistra nan zònn nan ki antann pa kolabore ak lòt eli lokal yo. Konsa, nan rete tann leta, moun LaTòti finn tounen pwatann. Apwè plizyè demach ant sitwayen notab melanje ak volonte Depite LaTòti-a, Asthène san inyore kotizasyon Senatè Kedler Augustin ak lòt moun ki gen kè nan men arive asire responsablite sitwayènn yo annatandan leta montre ke li anvi toujou. Konsa, gen bon ti travay reparasyon ki fèt nan komisarya-a avèk sipò Komisè gouvènman an, dirèktè Lapolis la ki detèmine Jodi-a pou re-enstale polisye yo nan komisarya ki apènn pwepare-a.

Jodi-a byen bonè nan maten, anba gwo dispozitif, Komisè gouvènman an, Depite Asthène ki te akonpanye UDMO, travèse dlo sale ki separe Pòdpè ak zile laTòti, yon fason pou yo al mete lòd nan dezòd. Retou polisye yo sou zile-a te akeyi avèk satisfaksyon. Obsèvatè yo te remake plizyè visaj ki pat ka pa ekspwime souri yo ki tradwi yon fòm de soulajman.

Demen 8 Septanm, si kè papa Bondye kontan, se va “La Nativite”, fèt patwònal zile LaTòti. Tout moun se men nan machwè, pa gen ni moute, ni desann. Fwa sa-a, se pou tout bon pa gen bagay ki rele fèt sou yon zile ki pa sispann rele, senyen, mouri anba flanm mizè ki achte lokalite-a depi dig dantan. Absans leta ki ranfòse ensekirite, absans dlo, strikti medikal, elektrisite, aktivite ekonomik ki sèlman egziste nan liv, montre enòmite mizè ak vilnerabilite lavi sou zile-a. Se va premye fwa nan tout istwa li, LaTòti pa reyèlman gen opòtinite pou komemore fèt La Nativite”; sepandan, gras ak kèk sitwayen kè nan men, retou polisye yo se inik ti kado yo jwenn pou fèt 8 Septanm 2019 la.

Share:

Leave a reply