Association Jeunesse Sportive Anse-à-Foleur (AJSA) òganize yon chanpyona entè-eskolè avèk 6 lekòl an 2

859

04-17-2023

Ansafolè, Ayiti___(TRiboLAND) Gran chanpyona entè-eskolè Association Jeunesse Sportive Anse-à-Foleur (AJSA) òganize nan komin nan Ansafolè; demare dimanch 16 avril 2023 ak lekòl Marie Reine des Coeurs vs. Baptiste Bethanie. Yon match ki sanse fini 2 gòl a zewo anfavè lekòl Marie Reine des Coeurs

Chapyona sila reyini 6 lekòl, kap patisipe nan konpetisyon an ki divize an 2 poul :
A-Marie Reine des Coeurs, Baptiste Bethanie ak Lycée Justin Lhérisson.
B- Collège Centre d’Études Classiques, Cacique Henri ak Les Frères Unies.

Yon chanpyona ki òganize nan objektif pou ankouraje elèv lekòl, kreye espas lwazi ak detant pou yo, epi devlope talan ak entèlijans yo. Yon aktivite ki gen kòm responsab Janvier Venson, Monitè espòtif Ansafolè, ki gen kòm sipòtè MJSAC.

Premye jounen an byen demare, li mete antèt lekòl Marie Reine des Coeurs, men konpetisyon an toujou ap kontinye pran chemen l. Responsab yo ap mande tout moun ki renmen espò kèlkeswa kote w ye, ede yo nan mezi ke ou kapab pou rès jwet mate balon yo ka pibèl toujou.

Pierrilien Nicol Colly

Comments are closed.