Jacques Alain Pierre Michaud pran tèt Direksyon Jeneral Mèri Pòdpe a

164
0
Share:
TRiboLAND

07/21/2026

Pòdpe, Ayiti _____(TRiboLAND) Mèri Pòdpe a gen yon nouvo Direktè Jeneral. Jacques Alain Pierre Michaud nonmen nan pòs sa a pou ranplase Mike Larose, ki te demisyone kèk mwa pase. Nominasyon sa a vini nan yon moman kote administrasyon minisipal la ap chèche ranfòse fonksyònman enstitisyon an epi bay sèvis piblik yo yon nouvo dinamik.

Dapre responsab yo, nouvo Direktè Jeneral la pral gen misyon pou travay kole kole ak manm Konsèy Minisipal la pou amelyore jesyon administrasyon an, akselere pwojè devlopman yo, epi pote pi bon repons devan bezwen popilasyon an. Li pral gen responsablite tou pou kowòdone plizyè dosye estratejik ki konsène avni komin Pòdpe.

Nominasyon Jacques Alain Pierre Michaud a soulve anpil espwa lakay plizyè sitwayen ki swete wè yon chanjman reyèl nan jesyon vil la. Anpil moun espere nouvo ekip la ap mete aksan sou pwòpte vil la, òganizasyon espas piblik yo, amelyorasyon sèvis minisipal yo ak aplikasyon pwojè ki kapab bay Pòdpe yon nouvo vizaj.

Share:

Leave a reply