Triboland klotire 2e jounen seminè li, sou fabrikasyon pwodui chimik nan zòn Palan.

2,532

07-16-2022

Pòdpè, Ayiti______(TRiboLAND) Se jounen samdi 16 jiyè 2022 a, ekip TRiboLAND lan, nan tèt kole ak fòmatè yo klotire fòmasyon sou fabrikasyon pwodui chimik e tou pwofite delivre sètifika bay plis pase 60 jèn gason ak jèn fanm.

Anbyans remiz sètifika yo te fèt an prezans divès lidè kominotè tankou: Béthanie Louis, Dubréus Calence poun site sa yo sèlman.

Lidè sa yo bò kote pa yo, felisite ekip òganizatris la epi konseye yo pou pa kite okenn swadizan politisyen vin sopoudre bèl mouvman sila.

Yon lòt bò, patisipan yo nan moman sa a, voye non sèlman mo de remèsiman ak tout ekip Triboland lan men tou felisite yo dèske yo pral fasilite yo genyen mak orijinal yo sou mache a, san konte lòt ki swete fè pati grann FANMIY TRIBOLAND nan.

Kòmanse vandredi 15 pou fini samdi 16 jiyè 2022, pou patisipan yo se tankou yo te swiv 2 lane seminè tèlman anbyans pwosesis ansènyeman /aprantisaj la te parèt rich epi vyab.

Comments are closed.