Nòdwès: Sou inisyativ Fondasyon TRiboLAND, yon gwo atelye travay òganize pou plis pase 60 ti lèzanj nan lokalite Lavo.

936

08-19-2023

Lavo, Nòdwès, Ayiti_____(TRiboLAND) Yon gwo sòlòkòtò pou distrè plis pase yon 60 ti lèzanj òganize jounen jodi samdi 19 dawou 2023 a, nan lokalite Lavo, kèlke kilomèt a komin Pòdpè.

Nan sousi pou pa kontinye kreye distrasyon pou timoun yo pandan vakans lan, Fondasyon TRiboLAND, avèk konplisite Kòdonatris TRiboLAND nan Lavo ak Lapwent, arive mete gete ak fyète nan kè timoun yo.

Jounen samdi 19 dawou la, yo pase bonjan 5èd tan distrasyon ak rafrejisman, pandan yo tap aprann “Art Floral” e “Desen”. Plis pase 60 aprenan, pase yon bon moman ki make yon vakans ki te pwèske pase san sans.

Antouka, komite kòdinasyon an, ki genyen nan tèt li Direktris Marie Joseph Numa, pa ta manke satisfè avèk veleyite yo ki te inikman vize mete sou pye yon gwo sòlòkòtò pou anpil timoun ki te soti nan diferan zòn avwazina tankou Dolsine, Lapwent e latriye.

Comments are closed.