Ensandi estokaj gaz: 3 moun mouri bwile kankannen ak 5 lòt byen mal lopital nan komin Piyon

183
0
Share:
TRiboLAND

07-16-2022

Piyon, Ayiti______(TRiboLAND) 3 moun mouri bwile kankannen ak 5 lòt byen mal lopital, se bilan yon ensendi dife ki pran nan komin Piyon, depatman Nò, swit ak yon estokaj gaz lakay yon sitwàyen ki rele Ti Kado.

Anpil moun te prevwà yon parèy dràm, sitou avèk atitid anachik ki genyen biznis gaz la ki te toujou make danje.

Ti Kado te toujou vann gaz la nan pri li pipito; gro kontenè gaz pap sispan debake lakay li ak konplisite lapolis ak Majistra vil la ki se Henry Claude Crepin.

Share:

Leave a reply