ANAMAH mande pou tout 18 jiridiksyon yo obsève yon sispansyon travay

266

02/08/2021

Pòtoprens_____(TRiboLAND) ANAMAH ki se Association Nationale des Magistrats Haïtiens nan yon nòt ke yo fè sòti jodi dimanch 7 fevriye 2021 an, denonse mannèv mètdam, asèlman ak entimidasyon ke otorite yo fè kont manm aparèy jidisyè yo tankou Yviquel Dabrésil, Wendelle Coq, Noé Pierre-Louis Masillon, Durin Duret Junior ak Jean Wilner Morin.

ANAMAH mande tout majistra alawonbadè pou yo mete kanson yo nan tay yo po yo defann entegrite majistrati a, patikilyèman espwi kò a ak endepandans li. ANAMAH denonse egalman arestasyon abitrè jij Kou Kasasyon an, Mèt Yviquel Dabrésil.

Nan sans sa, apati de nòt sa, asosyasyon an mande pou tout 18 jiridiksyon obsève yon sispansyon travay yon manyè pou pwoteste kont zàk dezonè ki komèt sou majistrati ayisyèn nan.

Konsa, asosyasyon an mande vit e prese e san kondisyon liberasyon jij Dabrésil ki se inik altènatif pou repriz aktivite jidisyè yo sou tèritwà nasyonal la.

Comments are closed.